top of page

Blog Bwat Trezò.


Pa janm meprize ti viktwa yo.
Nou toujou ap tann gwo rezilta. Gwo chanjman. Gwo lajan. Gwo siksè. Men se ti pa yo ki konstwi gwo destinasyon an. ✔️ Leve bonè lè w te anvi dòmi. ✔️ Fini yon ti travay ou te konn ap ranvwaye. ✔️ Poste menm lè w te pè sa moun ap di. ✔️ Sove $10 olye ou depanse li. Sa yo se ti viktwa… men yo gen gwo valè. Se ti viktwa yo ki bati disiplin. Se yo ki ogmante konfyans nan tèt ou. Se yo ki fè w di: “M kapab.” Pa tann pou mond lan bat bravo pou ou. Selebre pwogrè ou menm si li piti.

Myriam Jean Pierre
20 hours ago1 min read


APRANN REPOZE SANW PA LAGE
Aprann repoze se pa menm bagay ak lage. Repo se yon zak sajès, pa yon siy feblès. Lè ou repoze, ou pa abandone rèv ou, ou ap pran souf pou ou ka kontinye pi fò. Gen moman nan lavi a kote kò a fatige, lespri a chaje, ak kè a bezwen silans. Se pa lè sa pou w jije tèt ou, se lè sa pou w pran swen tèt ou. Repoze se rekonèt limit ou san w pa trayi objektif ou. Ou ka pran poz, ralanti ritm lan, fè yon ti pa dèyè… men ou pa vire do bay sa ou te kòmanse. Menm lè ou kanpe pou respire,
bwattrezo
Feb 21 min read
bottom of page
