Pa janm meprize ti viktwa yo.
- Myriam Jean Pierre

- 18 hours ago
- 1 min read

Nou toujou ap tann gwo rezilta.
Gwo chanjman.
Gwo lajan.
Gwo siksè.
Men se ti pa yo ki konstwi gwo destinasyon an.
✔️ Leve bonè lè w te anvi dòmi.
✔️ Fini yon ti travay ou te konn ap ranvwaye.
✔️ Poste menm lè w te pè sa moun ap di.
✔️ Sove $10 olye ou depanse li.
Sa yo se ti viktwa… men yo gen gwo valè.
Se ti viktwa yo ki bati disiplin.
Se yo ki ogmante konfyans nan tèt ou.
Se yo ki fè w di: “M kapab.”
Pa tann pou mond lan bat bravo pou ou.
Selebre pwogrè ou menm si li piti.
Paske chak ti etap ap mennen w pi pre rèv ou.
💛 Jodi a, idantifye omwen yon ti viktwa ou genyen… epi fyè de tèt ou.




Comments