top of page

Blog Bwat Trezò.


Pa janm meprize ti viktwa yo.
Nou toujou ap tann gwo rezilta. Gwo chanjman. Gwo lajan. Gwo siksè. Men se ti pa yo ki konstwi gwo destinasyon an. ✔️ Leve bonè lè w te anvi dòmi. ✔️ Fini yon ti travay ou te konn ap ranvwaye. ✔️ Poste menm lè w te pè sa moun ap di. ✔️ Sove $10 olye ou depanse li. Sa yo se ti viktwa… men yo gen gwo valè. Se ti viktwa yo ki bati disiplin. Se yo ki ogmante konfyans nan tèt ou. Se yo ki fè w di: “M kapab.” Pa tann pou mond lan bat bravo pou ou. Selebre pwogrè ou menm si li piti.

Myriam Jean Pierre
Feb 161 min read


APRANN REPOZE SANW PA LAGE
Aprann repoze se pa menm bagay ak lage. Repo se yon zak sajès, pa yon siy feblès. Lè ou repoze, ou pa abandone rèv ou, ou ap pran souf pou ou ka kontinye pi fò. Gen moman nan lavi a kote kò a fatige, lespri a chaje, ak kè a bezwen silans. Se pa lè sa pou w jije tèt ou, se lè sa pou w pran swen tèt ou. Repoze se rekonèt limit ou san w pa trayi objektif ou. Ou ka pran poz, ralanti ritm lan, fè yon ti pa dèyè… men ou pa vire do bay sa ou te kòmanse. Menm lè ou kanpe pou respire,
bwattrezo
Feb 21 min read


Pa janm dekouraje, Bondye toujou gen yon plan
Pa janm dekouraje, Bondye toujou gen yon plan Pa gen okenn sitiyasyon nan lavi a ki rive san rezon. Lè bagay yo pa mache jan nou te espere, lè pòt yo fèmen, lè chemen an parèt konfizyon, se pa paske Bondye bliye nou. Okontrè, se souvan nan moman sa yo Bondye ap travay pi fò an silans. Dekourajman vini lè nou gade pwoblèm nan plis pase pwomès la. Men lafwa se chwazi kwè menm lè nou pa konprann. Bondye pa janm an reta, Li pa janm fè erè. Plan Li pou lavi nou pi gwo pase sa je n
bwattrezo
Jan 191 min read


“Lè Lavi Difisil pou Ou”
Gen kèk jou, lavi pa soufle dousman li kriye fò. Lè chay la twò lou, epi lespwa parèt twò lwen. Lè ou fatige pa sèlman nan kò ou, men nan...

Myriam Jean Pierre
May 31, 20251 min read
bottom of page
