top of page

APRANN REPOZE SANW PA LAGE


Aprann repoze se pa menm bagay ak lage. Repo se yon zak sajès, pa yon siy feblès. Lè ou repoze, ou pa abandone rèv ou, ou ap pran souf pou ou ka kontinye pi fò.


Gen moman nan lavi a kote kò a fatige, lespri a chaje, ak kè a bezwen silans. Se pa lè sa pou w jije tèt ou, se lè sa pou w pran swen tèt ou.


Repoze se rekonèt limit ou san w pa trayi objektif ou. Ou ka pran poz, ralanti ritm lan, fè yon ti pa dèyè… men ou pa vire do bay sa ou te kòmanse.


Menm lè ou kanpe pou respire, rèv ou toujou la, plan ou toujou vivan.

Pa kite sosyete fè w kwè ou dwe toujou ap kouri pou w gen valè.


Ou gen valè menm lè w chita, menm lè w ap reprann fòs ou. Repo se gaz ki pèmèt ou leve ankò ak plis kouraj, plis klè, plis detèminasyon.


Aprann repoze san w pa lage, paske ou pa fini. Ou jis ap prepare pou pwochen nivo a ✨

Comments


bottom of page